Enfòmasyon ki nan atik sa a se pa konsèy legal e li te devlope pa International Refugee Assistance Project (IRAP). IRAP se yon òganizasyon entènasyonal san bi likratif ki travay pou defans ak asistans legal pou tout refijye yo ak moun k ap chèche sekirite yo kapab reklame dwa yo genyen pou yo deplase lib e an sekirite. Si ou vle konnen plis sou aksyon yo, nou envite ou konsilte https://support.iraplegalinfo.org/hc/es oswa paj Facebook yo.

 

Depi lè Tit 42 a pran fen 11 Me 2023 a, lwa ki te genyen sou fwontyè Etazini-Meksik la te chanje. Kounye a, moun ki ap chache azil yo ap trete sou baz yon lòt seri de lwa ak règleman ki rele Tit 8.

Yon pati empòtan nan Tit 8 la se yon pwosesis ki rele retrè akselere. Pwosesis sa a pèmèt gouvènman Ameriken an pou li mete moun nan yon pwosesis rapid pou depòte yo si yo pa parèt pou fè yon demand azil valid. Premye pa nan pwosesis la pou moun ki di yo pè retounen lakay yo rele entèvyou laperèz kredib (DFI) oubyen entèvyou laperèz rezonab (RFI).

Kisa yon Entèvyou Laperèz Kredib (CFI) ye? 

Pou pase yon entèvyou laperèz kredib moun yo dwe fè ofisye gouvènman ameriken yo konnen yo pè retounen nan peyi yo. Moun sa yo ki pè retounen nan peyi yo a dwe di yo vle aplike pou azil tou.

Li posib pou ofisye a pa mande si moun nan pè retounen nan peyi orijin li. Moun yo dwe di ofisye ki ap mande yo non ak enfòmasyon yo a ke yo pè retounen nan peyi yo epi yo ap chache azil, depi sa yo di a se verite.

Lè yon moun eksprime laperèz pou li ta retounen sa ta dwe ba li posibilite pou li pase yon yon entèvyou laperèz kredib oubyen rezonab. Entèvyou sa a se premye etap pou eseye aplike pou azil nan peyi Etazini. Li ap fokis sou enfòmasyon ki pètinan konsènan yon posib demand azil pou yon moun.

Se yon ofisye gouvènman an yo rele Ofisye Azil ki fè entèvyou laperèz kredib oubyen rezonab yo. Yo pap anrejistre CFI a sou fòm videyo oubyen odyo ni yo pap pataje li bay pyès moun ki andeyò gouvènman Ameriken an.

Pou yon moun jwenn pèmisyon rete Etazini epi aplike pou azil devan yon jij imigrasyon, li dwe konvenk ofisye a sou pwobabilite ki genyen pou yo ta genyen demand azil la. Jeneralman, moun ki antre Etazini avèk yon randevou dwe montre anviron 10 pousan chans pou ta genyen demand azil yo a pou yo ta pèmèt yo fè aplikasyon devan yon jij. Avèk kèk eksepsyon, moun ki antre san randevou osinon san èmisyon nan youn nan pòt antre yo apati 11 Me 2023 osinon aprè dat sa a gen plis chans pou yo ta fè fas ak pèsekisyon oubyen difikilte pou jwenn menm opòtinite a.

Jiska Me 2023, pi fò granmoun ki pou kò yo ki pale Panyòl, ki antre Etazini san pèmisyon, epi ki pase entèvyon laperèz kredib yo ap pase entèvyou sa yo pandan yo nan detansyon nan gad CBP a. Entèvyou sa yo ap fèt trè rapid, nan kèk jou. Moun ki ap tann pou entèvyou laperèz kredib yo dwe resevwa yon lis avoka gratis nan men gouvènman Ameriken an; nou rekòmande fòtman pou yon endividi rele yon avoka ki nan lis la pou mande konsèy avan entèvyou a. Entèvyou nan gad CBP yo ap fèt nan telefòn.

Epi tou, jiska Me 2023, gen sèten fanmi ki ansanm ak timoun yo pral mande pou prezante pou  yo ka pase entèvyou yo aprè yo fin rive nan vil kote yo ta prale a nan Etazini. Nou rekòmande fòtman pou nou kontakte yon avoka avan nou prezante nou si tout fwa sa posib.

Entèvyou Laperèz Rezonab

Moun ki pa elijib pou azil la paske Etazini te depòte yo deja oparavan men ki di yo pè retounen nan peyi yo ka toujou pase yon entèvyou konsènan laperèz yo genyen. Yo rele sa yon entèvyou laperèz rezonab. Pou jwenn pèmisyon aplike pou pwoteksyon kont depòtasyon, yon moun dwe montre finalman gen plis chans pou pwouve yo ap pèsekite osinon yo tòtire li nan peyi orijin li pou yo kite li ale prezante dosye li a devan yon jij nan kad yon pwosedi imigrasyon konplè.

Kisa Ki Pase nan Entèvyou a?

Entèvyou laperèz kredib la ap genyen ant 3 a 5 pati, tou depann de fason moun nan te antre nan peyi a:

  1. Kesyon biyografik tankou, aj, peyi orijin, nasyonalite, etsetera era.
  2. Kesyon sou pouki rezon moun nan pè retounen nan peyi li epi, pafwa, si moun nan pè retounen Meksik tou
  3. Kesyon jeneral yo poze tout moun si yo aplike pou estati nan Etazini, tankou si moun nan poko janm komèt krim, fè pyès moun mal, oubyen si li se yon teworis.
  4. Si yon moun te antre san randevou nan youn nan pòt antre yo, yo ka mande li pou kisa li pat ka itilize aplikasyon CBPOne nan.
  5. Si yon moun te antre san randevou nan youn nan pòt antre yo oubyen osinon san pèmisyon ant pòt antre yo, yo ka mande li sou sikonstans eksepyonèl ki ka toujou fè yo elijib pou azil. Sa ka enkli:
    • Si yo te fè eksperyans ak yon ijans medikal resan oubyen vyolans nan Meksik
    • Si yo te ap resevwa menas resamman ak gwo maltretans nan Meksik
    • Si yo viktim trafik moun
    • Si yo te aplike pou azil nan Meksik osinon nan yon lòt peyi sou wout pou ale Etazini.

Ki kalite Laperèz ki Konte epi Ki Fè ki Pètinan?

Pou yon moun rive jwenn azil la, moun nan sipoze rive montre yo te pesekite li oubyen li gen yon laperèz ki byen fonde ke yo ap pèsekite li nan peyi orijin li. Pèsekisyon an kapab atent fizik, abi seksyèl, osinon lòt kalite mal. Selon lwa aktyèl yo nan Etazini, ofisye azil la pral evalye si mal yon moun te sibi oubyen/osinon pral soufri nan peyi orijin li a ase pou pèmèt moun sa a aplike pou azil nan Etazini.

Anplis de sa, pèsekisyon an pa ka sèlman akoz vyolan jeneral, egzaksyon jeneral oubyen povrete. Li sipoze akoz yon rezon espesifik epi ki enchanjab ki gen lyen ak idantite moun nan, tankou opinyon politik, nasyonalite, ras, relijyon, oubyen apatenans nan yon group sposyal. Yon gwoup sosyal patikilye kapab defini tankou sèks yon moun, oryanstasyon seksyèl yon moun oubyen group fanmi kote li soti.

Anplis de pwouve yon laperèz ki fonde sou youn nan rezon yo pwoteje yo, yon moun ki ap chache azil dwe montre gouvènman li a pa an mezi pou kenbe li an sekirite.

Poukisa Yon Ofisye Ka Di Yon Moun Pa Elijib Pou Azil Menmsi Li Eksprime Yon Laperèz?

Gen plizyè rezon pou yon moun ki ap chache azil resevwa yon desizyon negatif aprè entèvyou a:

  1. Paske yo pa jwenn temwayaj li a kredid
  2. Paske ofisye a kwè ke maltretans la pa sifi pou li konside l kòm pesekisyon
  3. Paske ofisye a kwè ke maltretans la pa gen rapò ak rezon yo pwoteje yo (“le poukwa”)

Si yon moun pa kalifye pou azil, sa ka rive li kalifye pou lòt kalite pwoteksyon pou anpeche depòtasyon; sa rele “retni ekspilsyon” oswa soulajman sou baz Konvansyon Kont Soufrans (CAT)

Pou elijib pou retni, yon moun dwe pwouve tout bagay yo ki pou montre li kalifye pou azil la. Yo sipoze montre tou yo ta genyen plis chans soufri pèsekisyon si yo depòte yo – tandiske pou moun azil yo, yon moun sèlman gen bezwen montre 10 pousan chans pèsekisyon. Estanda sa a plis pase pa azil la. Retni ekspilsyon an se pou moun ki elijib pou azil. Sa vle di menmke yon moun pa kalifye pou azil, gouvènman Ameriken an pap depòte li. Yon moun ki genyen retni ekspilsyon an ka rete Etazini epi travay nan peyi a legalman, men li pap ka vwaye an deyò Etazini osinon gen rezidans pèmanan.

Pou yon moun elijib pou soulajman sou baz Konvansyon Kont Soufrans (CAT), li dwe montre genyen plis posibilite pase pou li pa sibi mal ki grav ase ki reponn ak definisyon maltretans si yo ta depòte li. Moun sa a dwe montre tou gouvènman nan peyi orijin li ap tòtire li osinon ap fè kòmsi li pa wè si gen yon pati prive ki ap tòtire li. Kontrèman ak azil la ansanm ak retni an, pou soulajman CAT, moun yo pa bezwen  montre maltretans la baze sou senk motif nou konnen ki aplike nan desizyon azil ansanm retrè yo: ras, relijyon, opinion patikilye, nasyonalite, ansanm ak gwoup sosyal patikilye. 

Remak: Enfòmasyon sa yo aktyèl apati 23 me 2023. Tanpri sonje lwa ak politik imigrasyon sou fwontyè Etazini ak Meksik la ka chanje rapidman. 

 

Si w gen kesyon oswa ou bezwen plis enfòmasyon sou sijè sa a oswa lòt, voye yon mesaj dirèk pou nou.

Sous enfòmasyon

https://support.iraplegalinfo.org/hc/en-us/articles/15907705009300-How-To-Get-A-Credible-Fear-Interview-CFI-Under-Current-Border-Policies