Enfòmasyon ki nan atik sa a se pa konsèy legal e li te devlope pa International Refugee Assistance Project (IRAP). IRAP se yon òganizasyon entènasyonal san bi likratif ki travay pou defans ak asistans legal pou tout refijye yo ak moun k ap chèche sekirite yo kapab reklame dwa yo genyen pou yo deplase lib e an sekirite. Si ou vle konnen plis sou aksyon yo, nou envite ou konsilte https://support.iraplegalinfo.org/hc/es oswa paj Facebook yo.

 

Pou ki moun enfòmasyon sa a ye?

Enfòmasyon sa a se pou moun ki vle antre Etazini sou fwontyè terès ant Etazini ak Meksik. Sof nan ka gen yon lòt bagay ki di, enfòmasyon sa a aplike pou de gwoup:

  1. Granmoun ki ap vwayaje pou kont yo, ANSANM AK
  2. Fanmiy ki ap vwayaje ansanm

Timoun ki gen mwens pase 18 lane ki pap vwayaje ansanm ak paran yo epi ki ap chache pou yo antre Etazini gen yon lòt kategori prensip ki aplike pou yo.

 

Kisa ki ap pase sou fwontyè a?

  1. Politik Tit 42 a, ki se politik yo te konn itilize pou ekspilse moun ki ap eseye antre sou fwontyè Etazini-Meksik la, men pa depòte yo Etazini kòm dabitid, fini.
  2. Gouvènman ameriken an kontinye egzije pou pifò moun itilize Aplikasyon Mobil CBPOne nan pou pran randevou epi mande antre Etazini nan yon Pòt Antre.
  3. Moun ki antre Etazini san pèmisyon ap fè fas ak depòtasyon olye yo fè fas ak ekspilsyon Tit 42 a.
    1. Akoz yon nouvo prensip, li vin pi difisil kounya a pou aplike pou azil si yon moun soti nan yon peyi ki pa Meksik antre Etazini sou fwontyè Etrazini-Meksik la san pèmisyon.
    2. Si yon moun antre Etazini avèk  yon randevou, li pi fasil pou li aplike pou azil. Poutan, pwosesis la toujou difisil.
    3. Depòtasyon genyen konsekans ke Tit 42 a pat genyen, tankou entèdiksyon pou tounen antre ansanm ak posibilite pouswit penal  pou moun ki pral antre Etazini san pèmisyon pita.

 

Eksperyans Yon Moun Pral Fè Depann De Fason Li Te Rive Sou Fwontyè a.

 

Gen divès pwosedi pou:

(A) Moun ki genyen yon randevou,

(B) Moun ki eseye antre nan yon pòt antre san randevou, ansanm ak

(C) Moun ki rantre Etazini san pèmisyon epi ki pa antre nan yon pòt antre.

 

(A)         Kisa Kap Rive Pou Moun ki Prezante yo sou Fwontyè a ak yon Randevou?

 

Prèske tout randevou yo dwe fèt atravè CBPOne. Al gade enfòmasyon sou jan pou itilize aplikasyon CBPOne nan.

Lè moun ki gen randevou prezante sou fwontyè a nan lè yo bay yo pou fè sa, CBP ap itilize aplikasyon rekonesans fasyal pou li tcheke idantite moun ki prezante pou randevou a. Epi tou li ap mande yo pou imèl ki konfime randevou yo a. Tout moun ki ap gen pou prezante ansanm dwe mete yo nan aplikasyon CBPOne nan tankou yon sèl vwayajè avan yo pran randevou a.

Paske sa se yon nouvo politik, pwosesis sou kijan sa pral ye pou moun ki antre ak randevou yo poko vrèman klè. Gouvènman ameriken an te di pifò moun ki antre ansanm ak yon randevou ap soti nan prizon CBP yo nan kèk èd tan epi yo ap resevwa yon papye ki mande yo pou ale nan tribinal imigrasyon pandan pwochen pwosedi depòtasyon yo. Si yo aplike pou azil, yo ap gen chans pou prezante demand yo devan yon jij imigrasyon. Si yon moun rate yon randevou nan tribunal, yo ap òdone depòte moun sa, alòs li enpòtan pou asiste tout randevou ki pwograme yo.

Nan antre a, yo ka kesyone moun ki ap antre ak randevou yo pou wè si yo kalifye pou azil, sa fè pati de yon fòm entèvyou ki rele Entèvyou Laperèz Kredib (CFI). Poutan, moun ki gen randevou yo ka pa pase  entèvyou laperèz kredib la epi yo gen dwa lage yo soti nan prizon sou yon estati tanporè ki rele pawòl. Yo ap toujou ka aplike pou azil nan espas yon lane kòmanse depi lè yo antre Etazini an.

Gen yon nouvo règleman sou azil la ki fè azil la vin pi difisil pou anpil moun ki antre Etazini apati 11 Me 2023 epi ki soti nan yon peyi ki pa Meksik. Men nouvo règleman sa a pa aplike pou moun ki antre ak randevou.  

 

(B)         Kisa K ap Rive Moun Ki Antre Nan yon Pòt Antre yo San Yon Randevou?

 

Sa ki pral rive moun ki eseye antre Etazini san yo pa gen randevou yo pa klè. Baze sou sa nou tande ansanm ak nouvo règleman an, ta sanble moun yo ka an mezi pou fè yon dezyèm liy nan Pòt Antre yo, epi CBP kapab pale ak moun ki nan liy sa a aprè yo fin asiste moun ki gen randevou yo.

Moun ki ap eseye travèse fwontyè a san randevou ka gen pi gro difikilte pase moun ki gen randevou yo lè yo ap fè demand azil aprè yo fin trete yo nan Etazini paske gouvènman ameriken an vle fè pwomosyon pou sistèm randevou a. Depi 15 Me 2023, gen rapò sou moun ki san randevou ke yo tou senpleman refize. Epi tou gen rapò kote gouvènmamn Meksiken an mete restriksyon nan aksè ak pòt antre yo pou moun ki san randevou.

Si yon moun pa genyen yon randevou epi Fwontyè Etazini pa voye li tounen, li posib pou li rete nan prizon CBP pandan plizyè jou. Yo riske fè fas ak “depòtasyon akselere”, ki se yon pwosesis kote gouvènman ameriken an depòte moun pi rapid. Sepandan, pou moun ki di CBP yo pè retounen nan peyi orijin yo, li posib tou pou yo pase yon entèvyou laperèz kredib pandan yo nan rizon an. Trè brèf, yon entèvyou laperèz kredib se chans yon moun genyen pou montre posibilite pou li kalifye pou azil nan objektif pou li prezante dosye li a devan yon jij nan yon odyans konplè. Lòt fason nou ka di sa, moun lan ap gen pou montre ofisye ki ap entèvyouwe li a ke li genyen anviron 10% chans pou li genyen demand azil la pou li rive pase entèvyou laperèz kredib la. Sa se estanda abityèl pou pase entèvyou laperèz kredib la.

Poutan, yo ap sipoze moun ki soti nan peyi ki pa Meksik ki vin antre Etazini nan yon pòt antre men ki pa genyen randevou pa elijib pou azil sof si moun sa montre kèk sikonstans espesyal anba yon nouvo règleman. Sa vle di, sèlman si yo montre sikonstans espesyal sa yo, moun yo ap genyen pou montre plis chans pou genyen demand azil yo pou rive pase entèvyou laperèz kredib la.

Yon bagay nou ka atann de nouvo règleman sa a pou moun ki prezante yo san randevou se montre yo pat ka itilize aplikasyon CBPOne nan paske

  • Yo pa ka li; oswa
  • Yo pa pale lang aplikasyon an disponib ladan li a; oswa
  • Yo te ap fè fas ak difikilte teknik enpòtan.

 

Moun ki ka montre youn nan bagay sa yo merite yo trete yo menm jan ak moun ki gen randevou yo.

 

Menm moun ki soti nan peyi ki pa Meksik ki paka montre rezon sa yo ki lakoz yo pa itilize aplikasyon an ka toujou prezante demand azil yo selon estanda abityèl pou pase entèvyou laperèz kredib la si yo montre:

  • Yo fè fas ak sikonstans eksepsyonèl.
  • Yo te ap fè eksperyans ak yon pwoblèm medikal grav epi ijan on ti kras tan avan yo te antre Etazini, oswa
  • Yo te ap sibi menas ak maltretans grav tankou vyòl, maltretans, kidnapin, maspinay, asasinay yon ti kras tan avan avan yo te antre Etazini; oswa
  • Yo vikitim yon fòm trafik moun ki grav, tankou nenpòt fòm trafik seksyèl oswa fòm travay fòse ki espasyalman grav tankou restavèk ak esklavaj; oswa
  • Yo te aplike pou azil nan yon lòt peyi sou wout pou ale Etazini epi yo te refize ba yo li.

Moun:

  • ki soti nan peyi ki pa Meksik
  • ki pa gen randevou
  • ki prezante nan pòt antre yo
  • Ki pa ka montre yon krezon akseptab ki fè yo pat itilize aplikasyon an epi
  • Ki pa ka montre sikonstans eksepsyonèl

Ap toujou gen entèvyou laperèz kredib. Poutan, selon yon nouvo règleman, depi 11 Me 2023, li vin pi difisil pou yo evite depòtasyon. Yo pral gen pou montre sa gouvènman an rele “posibilite rezonab” pèsekisyon maspinay pou yo ka refere yo nan pwosedi tribinal imigrasyon epi pou eseye evite depòtasyon. Sa a se yon yon estanda ki plis elve epi pi difisil pou montre pase anviron 10% chans la jan sa te eksplike pi wo a. Si yo refere yo nan tribunal imigrasyon, yo ap pèmèt yo aplike pou azil la men yo toujou konsidere yo pa elijib pou azil. Yo ap genyen yon lòt chans pou konvenk yon jij ke yo ta dwe kalifye pou eksepsyon tankou jan sa detaye pi wo a oswa pou lòt sikonstans eksepsyonèl yo. Sinon, yo ap sèlman elijib pou lòt avantaj imigrasyon tankou sispansyon depòtasyon oubyen pwoteksyon sou baz Konvansyon Kont Maspinay pou yo pa depòte yo nan danje ki genyen nan peyi orijin yo.

Yo ap depòte moun ki pa montre posibilite yo egzije pou genyen dosye azil la nan yon pwosesis rapid yo rele depòtasyon akselere sof si yo mande revizyon yon jij imigrasyon. Yo ap òdone pou depòte moun ki pa fè demand revizyon an, oubyen moun jij imigrasyon an twouve ki pa montre posibilite yo egzije pou fè fas ak pèsekisyon oubyen maspinay yo nan depòtasyon akselere a.

 

(C)         Kisa Kap Rive Moun ki Antre Etazini San Pèmisyon/Ant Pòt Antre Yo?

 

Gouvènman ameriken an ap sipoze moun ki soti nan peyi ki pa Meksik ki antre Etazini san pèmisyon pa elijib pou azil. Moun sa yo riske prizon  oubyen depòtasyon akselere, sa vle di gouvènman an ap eseye depòte yo rapid rapid. 

Si yo di CBP yo pè retounen nan peyi orijin yo, Gouvènman ameriken an dwe bay yo yon entèvyou laperèz kredib pou eksplike perèz yo genyen pou retounen nan peyi orijin yo a epi pou yo eseye evite depòtasyon an. Yon rapèl, yon entèvyou laperèz kredib se yon entèvyou ansanm ak yon ofisye azil kote yon moun dwe eseye eksplike ki maltretans yo pè nan peyi orijin yo epi pou kisa yo ap sibi oubyen te sibi maltretans sa a. Gen plis enfòmasyon sou entèvyou laperèz kredib la ki disponib la.

Gen anpil moun nan sitiyasyon sa a, espesyalman granmoun ki pou kò yo ansanm ak moun ki pale Panyòl yo, ki pral pase yon entèvyou laperèz kredib nan prizon CBP yo pandan yo nan detansyon. Fanmi ki prale nan yon seri de kote nan Etazini an pral genyen pou yo parèt pou  entèvyou laperèz kredib la yon ti tan aprè yo fin rive nan destinasyon yo.

Avèk kèk eksepsyon, moun ki antre san pèmisyon yo ap gen pou montre yon gwo posibilite ke yo ka genyen demand azil yo a osinon lòt pwoteksyon kont depòtasyon pou yo kapab prezante demand yo a nan yon dosye tribinal konplè. Yon lòt fason nou ka di sa, yo pral aplike yon estanda ki pi wo ansanm ak yon delè ki pi rapid pou moun ki antre Etazini san pèmisyon yo.

Moun ki antre Etazini san sipèvizyon pral fè fas ak estanda abityèl la pou pase entèvyon laperèz kredib la ke nou te dekri pi wo a si yo ka montre:

  • Yo te fè eksperyans ak yon pwoblèm medikal grav epi ijan yon ti kras tan avan yo te antre Etazini an; oswa
  • Yo te fè eksperyans ak menas maltretans grav tankou vyòl, kidnapin, maspinay oswa asasinay yon ti kras tan avan yo te antre Etazini an; oswa
  • Yo se viktim yon fòm trafik moun ki grav. Fòm trafik moun ki grav enkli ladan li fòm trafik seksyèl osinon fòm restavèk ki grav yon fason espesyal ansanm ak esklavaj; oswa
  • Yo te aplike pou azil nan yon lòt peyi sou wout pou ale Etazini epi yo te refize ba yo li.

Yo ap refere moun ki montre youn nan sa ki anlè yo epi ki montre yon “posibilite sinifyan” (anviron 10% chans) pou genyen dosye azil yo bay pwosedi nòmal tribinal imigrasyon epi yo ap ka aplike pou azil oubyen lòt fòm pwoteksyon tankou sispansyon depòtasyon oswa pwoteksyon sou baz konvansyon kont maspinay la (CAT).

Si yo pa montre youn nan eksepsyon ki anlè yo, yo ap gen pou montre sa gouvènman an rele “posibilite rezonab” pèsekisyon oswa maspinay nan mezi pou yo refere yo bay pwosedi tribinal imigrasyon. Sa se yon estanda ki pi wo epi ki pi difisil pou montre pase posibilite sinifyan an. Si yo refere yo bay tribinal imigrasyon, yo ap ka aplike pou azil men poutan yo ap konsidere yo pa elijib pou azil la. Lòt fasonm nou ka di sa, yo ap gen yon lòt chans pou konvenk yon jij ke yo ta kalifye pou youn nan eksepsyon ki detaye anlè a osinon lòt sikonstans eksepsyonèl. Yo sèlman ap elijib pou sispansyonn depòtasyon oswa pwoteksyon sou baz Konvansyon Kont Maspinay pou rive evite yo depòte yo nan danje ki genyen nan peyi orijin yo.

Yo ap depòte moun ki pa montre posibilite yo egzije pou yo genyen dosye azil yo a nan yon pwosesis rapid ki rele depòtasyon rapid sof si yo mande revizyon yon jij imigrasyon. Yo pral òdone pou depòte moun ki pa mande revizyon an, oswa moun jij imigrasyon an twouve ki pa montre posibilite fè fas ak pèsekisyon ansanm ak maspinay avèk depòtasyon akselere a.

 

(D) Kisa Kap Rive Moun Ki Resevwa Yon Òdonans Depòtasyon Akselere

 

Kòm dabitid, yo depòte yon moun ki genyen yon òdonans depòtasyon akselere pou peyi orijin li. Gen kèk nasyonalite yo ka depòte voye Meksik tou. Depi 10 Me 2023 yo depòte Ayisyen, Nikaragweyen, Venezwelye, Kiben, ansanm ak Meksiken nan peyi Meksik.

Depi yo depòte yon moun ak òdonans akselere a, moun sa a pap ka antre Etazini legalman pandan 5 lane. Si yon moun prezante li nan yon Pòt Antre aprè yo te fin depòte li epi li di li pè retounen nan peyi li, yo dwe toujou pase li yon entèvyou ansanm ak yon ofisye sou dosye li a. Yo rele sa yon entèvyou laperèz rezonab – li sanble ak yon entèvyou laperèz kredib men avèk yon estanda ki pli wo pou montre li gen chans pou genyen dosye azil la. Si gouvènman an montre li reponn ak estanda sa a, yo ap voye li nan tribinal imigrasyon pou li ka aplike sèlman pou sispansyon depòtasyon oswa pou pwoteksyon anba Konvansyon Kont Maspinay. Li pap elijib pou azil.

Si yon moun yo te depòte deja retounen antre Etazini san pèmisyon depi yo kenbe li, yo ka pouswiv li devan tribinal penal.

Si yon moun yo depòte retounen antre Etazini san pèmisyon, yo ka depòte li byen rapid tou atravè yon bagay ki rele “retablisman depòtasyon”. Si yo mete yon moun yo te depòte deja nan prizon, li ka fè konnen li pè pèsekisyon nan peyi orijin li. Epi la yo dwe ba li yon entèvyou laperèz rezonab – li sanble ak yon entèvyou laperèz kredib men ak yon yon estanda ki pi wo pou montre li gen anpil chans pou genyen demand azil li a. Si gouvènman an twouve ke li reponn ak estanda sa a, yo ap voye li nan tribinal imigrasyon pou li aplike sèlman pou sispansyon depòtasyon oswa pou pwoteksyon anba Konvansyon Kont Maspinay. Li pap kalifye pou azil.

 

Remak: Enfòmasyon sa yo aktyèl apati 23 me 2023. Tanpri sonje lwa ak politik imigrasyon sou fwontyè Etazini ak Meksik la ka chanje rapidman.

Si w gen kesyon oswa ou bezwen plis enfòmasyon sou sijè sa a oswa lòt, voye yon mesaj dirèk pou nou

 

Sous enfòmasyon

https://support.iraplegalinfo.org/hc/en-us/articles/15907441484820-What-to-expect-at-the-land-borders-between-the-United-States-and-Mexico