Enfòmasyon ki nan atik sa a se pa konsèy legal e li te devlope pa International Refugee Assistance Project (IRAP). IRAP se yon òganizasyon entènasyonal san bi likratif ki travay pou defans ak asistans legal pou tout refijye yo ak moun k ap chèche sekirite yo kapab reklame dwa yo genyen pou yo deplase lib e an sekirite. Si ou vle konnen plis sou aksyon yo, nou envite ou konsilte https://support.iraplegalinfo.org/hc/es oswa paj Facebook yo.

 

8953079.jpg

Pou Kiyès Enfòmasyon sa a?

Enfòmasyon sa a se pou moun ki vle antre Etazini pa fwontyè tèrès ant Etazini ak Meksik osinon ki antre pa lanmè atravè otorite ameriken yo. Sof nan ka ta gen yon lòt bagay ki di, enfòmasyon sa a valid pou de gwoup: Granmoun ki ap vwayaje pou kò yo ansanm ak Fanmi ki ap vwayaje ansanm. Timoun ki gen mwens pase 18 lane ki pap vwayaje ansanm ak paran yo epi ki ap chache antre Etazini gen yon lòt seri de prensip ki aplike pou yo.

 

Kisa Ki Retrè Akselere a?

Retrè akselere a se pwosesis depòtasyon rapid ki fèt kont Sèten moun ki Etazini ke gouvènman an di ki pa ta dwe pèmèt pou yo rete, OSINON Moun ki ap eseye antre Etazini nan yon pòt antre san yo pa genyen randevou. Moun ki pa montre yo kalifye pou jwenn yon estati Etazini, nan kad pwosesis akselere sa a, yo ap depòte yo sòti Etazini rapidman.

 

Kiyès yo Ka Mete Nan Retrè Akselere a?

Yo ka itilize retrè akselere a kont nenpòt moun ki antre Etazini san pèmisyon ke gouvènman ameriken an kenbe oubyen rankontre nan yon distans 100 kilomèt fwontyè Etazini-Meksik la. Sof si yon moun genyen yon randevou pou li prezante sou fwontyè a, pwosesis retrè akselere a ap aplike pou tout moun ki ap chache antre sou fwontyè Etazini-Meksik la eksepte pou timoun ki gen mwens pase 18 lane ki ap vwayaje san yon paran.

 

Kisa Ki Rive Nan Retrè Rapid la?

Yon moun ki nan pwosesis retrè akselere a kapab toujou elijib pou azil. Pou kapab aplike pou azil, yon moun ki nan pwosesis sa a dwe di li pè retounen lakay li epi pase yon entèvyou laperèz kredib.

Si yo bay lòd pou yo retire yon moun, yo ka depòte moun sa a nan peyi kote li genyen sitwayènte osinon, pou kèk nasyonalite, yo ka depòte li Meksik. Jiska 16 Me 2023 yo ka depòte moun nasyonalite sa yo nan peyi Meksik anplis de Meksiken: Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen, Venezwelyen, Salvadoryen, Ondiryen, ansanm ak Gwatemaltèk.

Yo kapab depòte yon moun ki genyen yon òdonans retrè akselere sòti Etazini trè rapidman – pandan menm jou a menm. Si yon moun gen pou li tann pou yo retire li Etazini, yo ka kenbe li nan prizon imigrasyon Etazini jiskaske yo ka depòte li.

 

Eske yon moun ka sispann oubyen retade yon òdonans retrè akselere?

Si yon moun pè retounen nan peyi orijin li, moun nan dwe di yon ofisye imigrasyon ameriken oubyen CBP sou laperèz li genyen an touswit lè li premye fè rankont ak imigrasyon ameriken. Pwosesis retrè akselere a ka fèt trè rapidman.

Moun ki di yo pè retounen nan peyi orijin yo sipoze pase yon entèvyon laperèz kredib (CFI) nan men yon ofisye imigrasyon. Yon entèvyon laperèz kredib se yon rankont ant yon moun ansanm ak yon ofisye imigrasyon kote moun nan eksplike poukisa li pè retounen nan peyi orijin li epi pou kisa pou yo pa voye li tounen. Yo ap plase moun ki pa pase yon entèvyon laperèz kredib nan pwosesis retrè akselere a epi yo riske depòtasyon nan yon tan rapid, ki kapab menm jou a.

 

Remak: Enfòmasyon sa yo aktyèl apati 23 me 2023. Tanpri sonje lwa ak politik imigrasyon sou fwontyè Etazini ak Meksik la ka chanje rapidman.

 

Si w gen kesyon oswa ou bezwen plis enfòmasyon sou sijè sa a oswa lòt, voye yon mesaj dirèk pou nou.

 

 

Sous enfòmasyon

Basic of expedited removal - IRAP (iraplegalinfo.org)